Psalms 69:28
(069:29) Efase non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. Pa mete non yo ak non moun k'ap sèvi ou yo.
Bib La
In The King James Version
Let them be blotted out of the book of the living, and not be written with the righteous.
In Context
27(069:28) Kite yo mete sou sa yo fè deja. Se pou ou san pitye pou yo.
29(069:30) Mwen nan gwo lapenn, m'ap soufri. Bondye, pote m' sekou. Mete m' sou de pye m' ankò.
Cross References
Isaiah 4:3Lè sa a, moun ki rete nan sa ki te sou mòn Siyon an, moun ki va chape anba lanmò pami sa ki te lavil Jerizalèm lan, y'a rele yo: moun Bondye mete apa pou li. Bondye va kite yo viv lavil Jerizalèm.
Ezekiel 13:9Mwen pral pini pwofèt k'ap fè vizyon pou twonpe moun, k'ap bay mesaj ki pa laverite. p'ap gen plas pou yo lè pèp la va reyini. Yo p'ap gen non yo sou lis fanmi pèp Izrayèl yo. Yo p'ap janm tounen nan peyi a ankò. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye sèl Mèt la.
Luke 10:20Men, nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumèt devan nou. Fè kè n' kontan pito dapre non nou ekri nan syèl la.
Hebrews 12:23Nou pwoche kote tout premye pitit Bondye yo sanble ak kè kontan, yo menm ki gen non yo ekri nan Liv ki nan syèl la. Nou pwoche bò kot Bondye ki gen pou jije tout moun lan, kote lespri moun ki fin bon nèt yo ye a.
Revelation 13:8Tout moun sou latè pral adore l', sa vle di tout moun ki pa t' gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay la, liv ki pou ti Mouton yo te touye a.
Revelation 22:19Konsa tou, si yon moun wete anyen nan pawòl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pòsyon ki ta pou li nan piebwa ki bay lavi a ak nan lavil Bondye a, nan piebwa ak lavil yo pale nan liv sa a.