Psalms 69:4
(069:5) Gen yon bann moun ki rayi m' san m' pa fè yo anyen. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Gen yon seri moun ki rete konsa yo fè m' lènmi, yo pi fò pase m', y'ap chache touye mwen. Yo fè m' renmèt sa m' pa pran.
Bib La
In The King James Version
In Context
5(069:6) Bondye, mwen pa kapab kache peche m' yo devan ou. Ou konnen jan m' te aji tankou moun fou.
Cross References
Psalms 7:3(07:4) Seyè, Bondye mwen, si m' te fè bagay sa yo vre, si m' te fè yon moun mal,
Psalms 35:19Pa kite lènmi m' yo, bann mantò sa yo, fè fèt sou tèt mwen. Pa kite moun sa yo ki rayi m' san m' pa fè yo anyen an fè siy sou mwen.
Psalms 40:12(040:13) Kote m' vire, malè tonbe sou mwen. Mwen pa ka konte yo. Peche m' yo twòp pou mwen. Mwen pa k'ap sipòte yo. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Mwen pèdi tout kouraj mwen.
Psalms 109:3Kote m' pase, moun ki rayi m' yo ap pale m' mal. Y'ap fè m' lagè san mwen pa fè yo anyen.
John 15:25Men, yo fè tou sa pou pawòl ki ekri nan Lalwa yo a te ka rive vre: Yo rayi m' san m' pa fè yo anyen.
1 Peter 2:22Li pa t' janm fè ankenn peche. Ankenn manti pa t' janm soti nan bouch li.