Psalms 69:9
(069:10) Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m' santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure.
Bib La
In The King James Version
In Context
8(069:9) Mwen tounen yon etranje pou pwòp frè m' yo, yon moun deyò pou pwòp pitit manman m' yo.
10(069:11) Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m' konsa.
Cross References
1 Chronicles 15:27David te gen yon rad fèt ak twal fin blan sou li, menm jan ak tout moun Levi yo ki t'ap mache devan Bwat Kontra a, sanba yo ak Kenaja ki t'ap dirije travay transpò a. David te gen yon moso twal fin blan tou mare nan ren li.
Job 19:13Bondye fè frè m' yo renka kò yo sou mwen. Zanmi m' yo kouri pou mwen.
Psalms 89:41(089:42) Tout moun k'ap pase nan lari ap piye kay li, tout vwazinaj li yo ap pase l' nan rizib.
Psalms 119:139Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lè m' wè jan moun ki pa vle wè m' yo bliye pawòl ou yo.
John 2:14Li jwenn yon bann moun nan tanp lan ki t'ap vann bèf, mouton ak pijon. Gen lòt menm ki te chita dèyè tab yo ap chanje lajan.