Psalms 7:5
(07:6) ou mèt kite lènmi pousib mwen jouk li mete men sou mwen. Ou mèt kite l' mache sou mwen, ou mèt kite l' trennen non m' nan labou.
Bib La
In The King James Version
In Context
4(07:5) si m' te aji mal ak moun ki te fè m' byen, si m' te pèsekite lènmi m' san rezon,
Cross References
1 Samuel 24:11Gade, papa mwen! Men yon moso ke rad ou nan men m'! Mwen koupe moso ke rad ou, men mwen pa t' touye ou. Koulye a ou konnen, ou wè mwen pa gen anyen dèyè tèt mwen, mwen pa gen ankenn lide mechanste nan tèt mwen. Mwen pa fè ou anyen ki mal. Se ou menm k'ap chache touye m'.
1 Samuel 24:20Koulye a, mwen konnen ou gen pou ou wa vre. Avèk ou menm wa pèp Izrayèl la, gouvènman an ap kanpe fèm.
Job 31:5Eske mwen janm nan bay manti? Eske mwen janm chache twonpe moun?
Job 40:12Wi. Gade yo nan je. Fè yo bese tèt yo! Kraze mechan yo la kote yo ye a!
Psalms 44:5(044:6) Avèk pouvwa ou, nou kilbite lènmi nou yo. Avèk ou menm ki la avèk nou an, n'ap kraze moun ki leve dèyè nou yo.
Psalms 60:12(060:14) Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.