Psalms 70:2
(070:3) Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont.
Bib La
In The King James Version
In Context
3(070:4) Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo sitèlman yo wont.
Cross References
Psalms 22:12(022:13) Lènmi m' yo anpil, yo sènen m' toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m' vire yo la.
Psalms 35:4Se pou moun k'ap chache touye m' yo sezi, se pou yo wont. Se pou moun k'ap fè konplo sou mwen yo rale kò yo dèyè. Se pou yo pa ka leve tèt yo.
Psalms 40:14(040:15) Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo tout wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont.
Psalms 71:13Se pou moun k'ap atake m' yo wont, se pou yo disparèt. Wi, se pou yo wont, se pou moun pase yo nan rizib, moun sa yo ki te vle wè malè rive mwen.
Psalms 141:1Se yon sòm David. Seyè, m'ap rele ou, prese vin kote m' non! Panche zòrèy ou pou tande lè m'ap rele nan pye ou!
Isaiah 41:11Tout moun ki te fache sou nou yo pral wont, yo pral bese tèt yo. Moun ki t'ap chache nou kont yo pral disparèt, yo pral mouri.