Psalms 71:11
Y'ap plede di: -Bondye lage l'. Kouri dèyè l', kenbe l', paske pa gen moun pou delivre l'.
Bib La
In The King James Version
Saying, God hath forsaken him: persecute and take him; for there is none to deliver him.
In Context
10Lènmi m' yo ap pale m' mal. Yo mete tèt yo ansanm, yo dèyè pou yo touye m'.
12Bondye, pa rete lwen mwen. Bondye mwen, prese vin pote m' sekou.
Cross References
1 Samuel 23:7Yo vin di Sayil David te desann lavil Keyila. Epi Sayil di: -Bondye lage l' nan men m' koulye a. Gade ki jan David al fèmen kò l' nan yon lavil ki gen gwo miray ak gwo pòtay byen solid!
Psalms 3:2(03:3) Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l'!
Psalms 37:25Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite.
Psalms 41:7(041:8) Tout moun ki pa vle wè m' yo mete tèt yo ansanm pou pale nan zòrèy sou mwen. Yo kwè m' fini, nanpwen renmèd pou mwen. Y'ap fè yon pakèt vye lide sou mwen.
Psalms 50:22Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.
Matthew 27:42Gade! Li sove lòt moun, li pa kapab sove tèt pa li. Si l' se wa pèp Izrayèl la, se pou l' desann sou kwa a koulye a. Lè sa a, n'a kwè nan li.