Psalms 71:15
M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann.
Bib La
In The King James Version
In Context
14M'ap toujou mete espwa mwen sou ou. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan.
Cross References
Judges 5:11Koute vwa moun ki al bò sous dlo yo! Y'ap rakonte tout bèl bagay Seyè a te fè, bèl bagay li te fè pou pèp Izrayèl la. Lè sa a, pèp Seyè a te desann bò pòtay yo.
Psalms 22:22(022:23) M'a di frè m' yo tout sa ou te fè pou mwen. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.
Psalms 35:28Lè sa a, m'a fè konnen jistis ou, m'a fè lwanj ou tout lajounen.
Psalms 40:6(040:7) Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou boule pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou louvri zòrèy mwen yo. Ou pa mande pou yo boule okenn vyann bèt pou ou, ni pou yo touye bèt pou wete peche.
Psalms 40:12(040:13) Kote m' vire, malè tonbe sou mwen. Mwen pa ka konte yo. Peche m' yo twòp pou mwen. Mwen pa k'ap sipòte yo. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Mwen pèdi tout kouraj mwen.
Psalms 71:8Tout lajounen lwanj ou nan bouch mwen. M'ap fè konnen jan ou gen pouvwa.