Psalms 71:21
W'ap fè m' pi grannèg pase jan m' te ye a. W'ap konsole m' ankò.
Bib La
In The King James Version
Thou shalt increase my greatness, and comfort me on every side.
In Context
Cross References
Psalms 18:35(018:36) Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m'. Se ou ki delivre m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'. Pouvwa ou pa kite m' tonbe.
Psalms 32:10Mechan yo gen pou yo soufri anpil. Men, Seyè a ap toujou pwoteje moun ki met konfyans yo nan li paske li renmen yo.
Psalms 86:17Fè kichòy pou mwen, Seyè! Fè moun ki pa vle wè m' yo wont, lè yo wè se ou menm ki pote m' sekou, se ou menm ki ban m' konsolasyon!
Isaiah 12:1Jou sa a, w'a pran chante: -M'ap fè lwanj ou, Seyè! Ou te move sou mwen. Men koulye a, ou pa fache ankò. W'ap ban m' kouraj.
Isaiah 49:13Se pou syèl la kontan! Se pou tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tèlman yo kontan! Paske Seyè a pral bay pèp li a kouraj, l'ap gen pitye pou pèp li a ki nan lapenn.
2 Corinthians 2:14Ann di Bondye mèsi! Paske l'ap toujou mennen nou ansanm ak Kris la pou fete batay li genyen an. Li pran nou, li sèvi ak nou tankou yon odè k'ap gaye bon sant li toupatou, pou n' ka fè tout moun konnen Kris la.