Psalms 71:6
Se sou ou mwen konte depi m' fèt. Se ou ki fè m' soti nan vant manman m'. Se tout tan m'ap fè lwanj ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Seyè, se ou menm ki tout espwa mwen. Mwen mete konfyans mwen nan ou depi lè m' te jenn gason.
7Lavi m' se yon mistè pou anpil moun. Men, se ou menm k'ap pwoteje m' ak tout fòs ou.
Cross References
Psalms 22:9(022:10) Se ou menm ki te fè m' soti san danje nan vant manman m'. Se ou menm ankò ki te pwoteje m' lè m' te nan tete.
Psalms 34:1(034:1) Yon jou David te pran pòz moun fou li devan Abimelèk, pou Abimelèk te kite l' ale. Se aprè sa David ekri sòm sa a. (034:2) Se tout tan m'ap di Seyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li.
Psalms 71:14M'ap toujou mete espwa mwen sou ou. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan.
Psalms 145:1Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan.
Isaiah 46:3Nou menm fanmi Jakòb yo, ti rès ki rete nan fanmi Izrayèl la, nou menm mwen te pote nan men depi jou nou te fèt la, nou menm mwen te soutni depi nan vant manman nou an, koute sa m'ap di nou byen:
Isaiah 49:5Se Seyè a menm ki chwazi m' depi m' fèt pou m' sèvi l', pou m' fè fanmi Jakòb la tounen vin jwenn li, pou m' sanble pèp Izrayèl la mennen ba li. Seyè a ban m' bèl pozisyon sa a. Se li ki tout fòs mwen.