Psalms 72:16
Se pou jaden kouvri tout peyi a, jouk sou tèt mòn yo. Se pou yo donnen tankou jaden peyi Liban. Se pou lavil yo plen moun tankou zèb k'ap pouse nan jaden.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 4:20Pèp Izrayèl la ak pèp Jida a te anpil, yo te tankou grenn sab bò lanmè. Yo t'ap manje, yo t'ap bwè, kè yo te kontan.
Job 8:7Tou sa ou te gen anvan an p'ap anyen devan sa Bondye pral ba ou a.
Psalms 92:12(092:13) Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban.
Isaiah 2:2Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote Tanp lan ye a, va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti nan tout peyi an kantite vin sou li.
Isaiah 30:23Lè n'a plante grenn nan jaden nou, Bondye va voye lapli pou l' fè yo pouse. L'a fè tè a bay manje k'ap bon nan bouch nou, manje k'ap ban nou fòs. N'a gen kont kote pou nou mennen bèt nou yo al manje.
Isaiah 32:20Ala kontan n'a kontan jwenn kont dlo nou pou fè jaden! Lè sa a, nou p'ap bezwen mete bèf ak bourik nou yo nan kòd ankò!