Psalms 72:4
Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Nan tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt. p'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a.
Cross References
Job 19:2-Manyè sispann vire lòlòj mwen non! Manyè sispann kraze kouraj mwen ak tout pawòl sa yo?
Psalms 2:9W'ap kraze ren yo avèk yon baton fè, w'ap kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze.
Psalms 94:5Seyè, y'ap kraze pèp ou a, y'ap peze moun pa ou yo.
Proverbs 20:26Yon wa ki gen bon konprann ap rive dekouvri tout mechan yo. L'ap san pitye lè l'ap pini yo.
Isaiah 11:4L'ap rann jijman pou pòv yo san patipri. L'ap defann dwa pòv malere nan peyi a san paspouki. L'ap denonse sa moun ap fè nan peyi a, l'ap pini yo. L'ap soufle ak bouch li sou mechan yo, l'ap disparèt yo.
Isaiah 42:3Li p'ap kraze sa ki fèb yo. Li p'ap lage sa ki san sekou yo. Men, l'ap rann jistis jan sa dwe fèt.