Psalms 73:1
Se yon sòm Asaf. Wi, Bondye bon pou pèp Izrayèl la, pou moun ki pa gen move bagay sou konsyans yo.
Bib La
In The King James Version
Truly God is good to Israel, even to such as are of a clean heart.
In Context
2Men, pye m' glise, li manke chape, ti kras mwen tonbe,
Cross References
1 Chronicles 15:17Moun Levi yo chwazi Eyman, pitit gason Joèl la, ansanm ak Asaf, pitit gason Berekya, yon fanmi Eyman, ak Etan, pitit gason Kouchaja nan branch fanmi Merari a, fanmi ak de lòt premye yo.
1 Chronicles 16:37Lèfini, David kite Asaf ak moun Levi menm fanmi avè l' yo devan Bwat Kontra Seyè a pou yo toujou reskonsab tout sèvis ki pou fèt kote yo te mete Bwat Kontra a. Yo te gen pou fè sèvis yo la chak jou san rete.
2 Chronicles 29:30Apre sa, wa Ezekyas ak lòt chèf yo mande moun Levi yo pou yo chante pou Seyè a chante David ak pwofèt Asaf te ekri pou fè lwanj Seyè a. Se konsa tout moun t'ap chante ak kè kontan, antan yo te ajenou ak tèt yo bese jouk atè.
Psalms 24:4Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun.
Psalms 50:1Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.
Psalms 73:18Wi, ou mete yo sou yon chemen glise, ou fè yo tonbe, epi yo fini.