Psalms 73:28
Mwen menm, sa bon nèt pou m' rete bò kot Bondye: Se nan Seyè a mwen jwenn pwoteksyon. M'a fè konnen tou sa li fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Se vre wi, moun ki vire do ba ou pral mouri, w'ap fini nèt ak moun ki pa kenbe pawòl yo gen avè ou.
Cross References
Psalms 14:6Y'ap pase sa malere yo gen lide fè a nan betiz, men se nan Seyè a malere yo mete konfyans yo.
Psalms 65:4(065:5) Ala bon sa bon pou moun ou menm ou chwazi, pou moun ou menm ou rele bò kote ou! L'ap rete anndan lakay ou! N'ap plen vant nou ak bon bagay ki gen lakay ou, ak benediksyon ki nan kay ki apa pou ou a.
Psalms 71:15M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann.
Psalms 71:24Tout lajounen m'a fè konnen jan ou pa nan patipri, paske moun ki te vle wè malè rive m' yo gen pou yo wont. Yo p'ap konn sa pou yo fè.
Psalms 107:22Se pou yo ofri bèt pou touye ba li pou di l' mèsi. Se pou yo rakonte tou sa li fè. Se pou yo chante tèlman yo kontan.
Psalms 118:17Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Seyè a fè pou mwen.