Psalms 73:8
Y'ap pase lòt moun nan rizib, y'ap pale move pawòl. Yo awogan, y'ap plede mache di jan y'ap kraponnen moun.
Bib La
In The King James Version
They are corrupt, and speak wickedly concerning oppression: they speak loftily.
In Context
7Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo.
9Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, y'ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans.
Cross References
Exodus 1:9Li di pèp la konsa: -Gade. Pèp Izrayèl la vin pi plis pase nou. Yo pi fò pase nou.
1 Kings 21:7Jezabèl di li: -Kouman! Se pa ou ki wa nan peyi Izrayèl la ankò? Leve non, monchè! Manje manje ou, fè kè ou kontan. Mwen pral ba ou jaden rezen Nabòt la.
Psalms 10:2Mechan an ap gonfle lestonmak li, l'ap pèsekite malere yo. Se pou pye l' pran nan pèlen limenm li tann lan.
Psalms 12:4(012:5) Y'ap plede di: -Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n' pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd?
Psalms 17:10Yo san zantray. Yo awogan lè y'ap pale.
Proverbs 30:13Gen yon lòt kalite moun ankò ki mete nan tèt yo yo pa kanmarad pesonn, wa pa kouzen yo.