Psalms 74:1
Se yon chante Asaf. Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa? Poukisa ou an kolè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 32:11Moyiz kriye nan pye Seyè a, Bondye l' a, li di l': -Seyè, poukisa pou ou ta koute kòlè ou pou ou fache sou pèp ki pou ou a, pèp ou menm menm te fè moute soti kite Lejip avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou?
2 Kings 21:14M'ap vire do bay rès moun ki va chape yo, m'ap lage yo nan men lènmi yo ki pral piye yo, ki pral pran peyi a nan men yo.
Psalms 18:8(018:9) Lafimen t'ap soti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t'ap soti nan bouch li.
Psalms 42:11(042:12) Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m' nan Bondye, paske mwen gen pou m' fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m', se li ki Bondye mwen.
Psalms 50:1Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.
Psalms 60:10(060:12) Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò?