Psalms 74:23
Pa bliye jan lènmi ou yo ap rele byen fò! Pa bliye jan moun ki pa vle wè ou yo ap fè eskandal san rete.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Leve non, Bondye! Defann kòz ou! Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen!
Cross References
Psalms 10:11Mechan an di nan kè l': -Bondye p'ap okipe bagay konsa. Li fèmen je l', li p'ap janm wè m'.
Psalms 65:7(065:8) Ou kase lanmè a lè l' move. Ou fè lanm lanmè yo sispann fè bri. Ou fè pèp yo rete trankil lè yo move.
Isaiah 37:29Koulye a, mwen vin konnen jan ou move sou mwen, jan ou vin awogan. Se poutèt sa, mwen mete yon fè won nan bwa nen ou, ak yon mò nan bouch ou. Mwen pral fè ou pran menm chemen ou te pran pou vini an pou ou tounen.
Jonah 1:2li di l' konsa: -Leve non. Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Al fè moun la konnen mechanste yo rive jouk nan zòrèy mwen.