Psalms 74:4
Moun ki pa vle wè ou yo, yo kanpe nan mitan kote pèp ou konn reyini an, y'ap rele byen fò. Yo wete tou sa ki nan tanp lan, yo mete drapo pa yo.
Bib La
In The King James Version
Thine enemies roar in the midst of thy congregations; they set up their ensigns for signs.
In Context
3vin wè sa ki rete apre ravaj la! Lènmi nou yo fin kraze dènye bagay nan kay ki apa pou ou a.
5Yo tankou moun k'ap voye kout rach pou koupe pyebwa nan yon gwo rak.
Cross References
2 Chronicles 36:17Se konsa Seyè a fè wa Babilòn lan moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason peyi Jida a nan Tanp lan menm. Li pa t' gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, malad ou pa malad. Bondye lage yo tout nan men wa a.
Lamentations 2:7Bondye sèl Mèt la voye lotèl li a jete. Li pa vle wè kay yo te mete apa pou li a. Li kite lènmi yo kraze miray gwo kay yo. Lènmi yo fè fèt, yo rele byen fò nan kay Seyè a tankou lè n'ap fè seremoni pou li.
Matthew 24:15Pwofèt Danyèl te pale sou bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan. Enben, nou gen pou nou wè bagay sa a chita kote ki rezève nan tanp lan apa pou Bondye. (Se pou moun k'ap li a chache konprann.)
Luke 21:20Lè n'a wè yon bann lame ap sènen lavil Jerizalèm toupatou, n'a konnen lè sa a yo prèt pou kraze l' nèt.