Psalms 74:8
Nan kè yo yo te di: Ann kraze yo tout yon sèl kou! Yo boule tout kote ki te apa pou Bondye nan peyi a!
Bib La
In The King James Version
In Context
7Yo mete dife nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte kote yo fè sèvis pou ou a, yo kraze l' vide atè.
9Tout bèl bagay ki te nan tanp lan disparèt. Pa gen pwofèt ankò. Pesonn pa konnen kilè sa va chanje.
Cross References
2 Kings 2:5Yon gwoup pwofèt ki te rete lavil Jeriko vin kontre Elize, yo di l' konsa: —Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn: —Mwen konn sa wi! Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò.
2 Chronicles 17:9Avèk liv lalwa Seyè a nan men yo, yo mache nan tout peyi a, yo ale nan tout lavil yo pou moutre pèp la sa pou li fè.
Psalms 83:4(083:5) Yo di: -Vini non! Ann efase non yo pami nasyon yo, pou pesonn pa janm chonje peyi Izrayèl la ankò!
Psalms 137:7Seyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t'ap di: Kraze l'! Kraze l' ratè!