Psalms 75:1
(075:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Sòm Asaf sa a se yon chante li ye. (075:2) N'ap fè lwanj ou, Bondye! N'ap fè lwanj ou! Se tout tan n'ap nonmen non ou! N'ap fè konnen bèl mèvèy ou fè yo!
Bib La
In The King James Version
In Context
2(075:3) Bondye di: -Mwen fikse yon dat pou jijman an. Lè sa a, m'a jije jan sa dwe fèt.
Cross References
Exodus 23:21Veye kò nou devan li. Koute sa l'ap di nou. Pa kenbe tèt avè l'. Si nou fè sa, li p'ap padonnen nou sa paske se nan non mwen l'ap fè tou sa l'ap fè a.
Deuteronomy 4:7Paske pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kou l' gran, ki gen yon Bondye toupre yo, yon Bondye k'ap kanpe la avèk yo, tankou Seyè a, Bondye nou an, fè l' pou nou chak fwa nou rele l'.
Psalms 44:1(044:1) Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. (044:2) Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan.
Psalms 57:1(057:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè li te al kache nan gwòt la pou Sayil ki t'ap kouri dèyè l'. (057:2) Gen pitye pou mwen, Bondye! -Gen pitye pou mwen! Paske, se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Se anba zèl ou m'ap kache jouk lè danje a fin pase.
Psalms 76:1(076:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm Asaf sa a, se yon chante li ye. (076:2) Yo konnen ki moun Bondye ye nan tout peyi Jida. Se tout moun k'ap nonmen non l' nan peyi Izrayèl.
Psalms 145:18Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo.