Psalms 76:11
(076:12) Fè pwomès ou bay Seyè a ki Bondye, epi kenbe pawòl ou. Nou menm, tout nasyon ki bò kote l' yo, pote kado bay Bondye ki fè moun respekte l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
10(076:11) Menm lè lèzòm an kòlè, sa sèvi yon lwanj pou ou. Moun ou sove anba lanmò va fè fèt pou ou.
12(076:13) Li kraze lògèy chèf yo, li fè wa latè yo respekte l'.
Cross References
Numbers 30:2Lè yon moun fè yon ve l'ap bay Seyè a kichòy ou ankò lè yon moun pwomèt li p'ap fè yon bagay, li pa fèt pou l' pa kenbe pawòl. Se pou l' fè tou sa li te pwomèt l'ap fè a.
2 Chronicles 32:22Se konsa Seyè a te delivre Ezekyas ak tout moun lavil Jerizalèm yo anba men Senakerib, wa peyi Lasiri a, ak anba lòt lènmi yo. Li fè yo viv san bri san kont ak tout peyi nan vwazinaj yo.
Psalms 68:29(068:30) Rete nan tanp ou a lavil Jerizalèm, kote wa yo ap pote kado ba ou.
Psalms 119:106Mwen fè sèman, epi m'ap kenbe sèman an: M'ap fè tou sa ou deside nan jistis ou.