Psalms 76:6
(076:7) Aa, Bondye Jakòb! Depi ou fè va sou yo, ni kavalye ni chwal, yo tout yo tonbe, yo mouri frèt.
Bib La
In The King James Version
At thy rebuke, O God of Jacob, both the chariot and horse are cast into a dead sleep.
In Context
7(076:8) Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè?
Cross References
Exodus 14:27Se konsa, lè jou pral kase, Moyiz lonje men l' sou lanmè a, dlo a tounen nan plas li. Lè moun peyi Lejip yo wè dlo a ap vini sou yo, yo t'ap chache sove poul yo. Yo pran kouri. Men, Seyè a voye yo jete nan lanmè a.
Exodus 15:4Li voye cha farawon yo ansanm ak tout lame l' a jete nan lanmè. Li fè pi bon sòlda li yo mouri neye nan lanmè Wouj la.
Exodus 15:21Miryam t'ap chante pou yo, li t'ap di moun pèp Izrayèl yo: Annou chante pou Seyè a! Paske li genyen yon bèl batay! Li voye chwal yo jete nan fon lanmè ak tout kavalye yo sou yo.
2 Samuel 10:18Moun Izrayèl yo fè moun Aram yo kouri met deyò. David ak sòlda li yo touye sètsan (0700) sòlda ki te sou cha lagè, katòzmil (014.000) sòlda ki te sou chwal. Yo blese Chobak, chèf lame lènmi yo, ki mouri la menm kote yo t'ap goumen an.
2 Chronicles 32:21Seyè a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sòlda yo ansanm ak kaptenn ak chèf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l'. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwòp pitit li yo touye l' ak kout nepe.
Psalms 80:16(080:17) Lènmi nou yo mete dife ladan l', yo koupe tout branch li yo. Fè kòlè! Annik gade yo, y'a peri!