Psalms 77:19
(077:20) Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pesonn pa ka wè mak pye kote ou pase.
Bib La
In The King James Version
Thy way is in the sea, and thy path in the great waters, and thy footsteps are not known.
In Context
20(077:21) Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a tankou yon bann mouton y'ap mennen.
Cross References
Exodus 14:28Dlo a tounen nan plas li, li kouvri cha yo, kavalye yo ak tout lame farawon an. Wi, li kouvri tout moun ki t'ap kouri dèyè moun pèp Izrayèl yo nan lanmè a. Pa gen yonn ki chape.
2 Samuel 22:8Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Fondasyon syèl la pran tranble. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te an kòlè.
Job 23:14L'ap toujou fè m' sa li vle fè m' lan. Sa se yonn nan tout bagay li deside fè yo.
Psalms 29:10Seyè a te chita sou fotèy li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan.
Psalms 97:4Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble.
Nahum 1:3Seyè a pa fache fasil, men se pa ti kras pouvwa li genyen. Li p'ap janm manke pa pini moun ki antò. Kote Seyè a pase, se van tanpèt, se van siklòn. Nwaj yo, se pousyè pye l' yo ap leve.