Psalms 78:14
Pou l' moutre yo chemen pou yo pran, lajounen li ba yo yon nwaj, lannwit li ba yo yon dife ki t'ap mache devan yo.
Bib La
In The King James Version
In the daytime also he led them with a cloud, and all the night with a light of fire.
In Context
13Li fann lanmè a an de, li fè yo pase nan mitan l'. Li fè dlo yo kanpe dwat tankou miray.
15Li fann gwo wòch nan dezè a, li ba yo kont dlo pou yo bwè.
Cross References
Exodus 13:21Lajounen, Seyè a t'ap mache devan yo nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit.
Exodus 40:35Moyiz pa t' kapab antre nan Tant Randevou a, paske nwaj la te rete anplas anwo tant lan, epi limyè prezans Seyè a te plen tant lan.
Deuteronomy 11:5Nou konnen sa li te fè pou nou tout tan nou te nan dezè a jouk nou rive isit la.
Nehemiah 9:19Men, ou pa vire do ou kite yo nan dezè a, sitèlman ou te gen anpil pitye pou yo. Ou pa t' wete nwaj ki t'ap moutre yo chemen pou yo pran lajounen, ni gwo flanm dife ki t'ap klere chemen pou yo te pran lannwit.