Psalms 78:24
Li grennen laman sou yo pou yo manje. Li ba yo manje farin ki soti nan syèl la.
Bib La
In The King James Version
And had rained down manna upon them to eat, and had given them of the corn of heaven.
In Context
23Li pale ak nwaj yo ki anwo nan syèl la, li ba yo lòd pou yo louvri pòt syèl la.
25Se konsa, yo manje manje zanj Bondye yo. Li ba yo manje pou yo manje plen vant yo.
Cross References
Exodus 16:4Seyè a di Moyiz konsa: -Mwen pral fè pen tonbe soti nan syèl la pou nou tankou grenn lapli. Pèp la va soti chak jou pou l' ranmase mezi li bezwen pou jounen an. Konsa, m'a gade pou m' wè si wi ou non yo vle mache sou lòd mwen vre.
Deuteronomy 8:3Li kraze lògèy nou, li fè nou soufri grangou. Apre sa, li ba nou laman pou nou manje, yon kalite manje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Li fè tou sa pou li te fè nou konnen se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Seyè a tou pou yo viv.
Nehemiah 9:15Lè yo te grangou, ou ba yo pen ki soti nan syèl la. Lè yo te swaf dlo, ou fè dlo pete soti nan wòch. Ou ba yo lòd pou y' al pran pou yo peyi ou te pwomèt ou t'ap ba yo a.
Psalms 68:9(068:10) Bondye, ou fè lapli tonbe an kantite sou latè. Ou ba li fòs ankò, paske li te fin pèdi tout grès li.
John 6:31Zansèt nou yo te manje laman nan dezè a, jan sa ekri nan Liv la: Li ba yo pen ki soti nan syèl la pou yo manje.