Psalms 78:26
Lèfini, li fè yon van lès soufle nan syèl la. Avèk pouvwa li, li fè yon van leve soti nan sid.
Bib La
In The King James Version
He caused an east wind to blow in the heaven: and by his power he brought in the south wind.
In Context
25Se konsa, yo manje manje zanj Bondye yo. Li ba yo manje pou yo manje plen vant yo.
27Li grennen vyann sou yo tankou pousyè. Li fè zwazo soti nan syèl la tonbe atè, tankou sab bò lanmè.
Cross References
Numbers 11:31Apre sa, Seyè a fè yon sèl van soufle sot nan lanmè, li bwote yon bann zòtolan ki vin tonbe toupatou nan kan kote moun yo te rete a ak toutotou kan an. Yon moun ta gen dwa mache tout yon jounen nan nenpòt direksyon anvan pou l' ta kite kote zòtolan yo te tonbe a. Zòtolan yo te fè pil rive twa pye wotè sou tè a.
Psalms 135:7Li fè nwaj yo leve kote syèl la kole ak latè a, li fè zèklè ak lapli, li fè van yo soti kote li sere yo a.