Psalms 78:35
Yo vin chonje se Bondye ki te pwoteksyon yo. Se Bondye anwo nan syèl la ki te delivre yo.
Bib La
In The King James Version
And they remembered that God was their rock, and the high God their redeemer.
In Context
36Men, tout bèl pawòl sa yo, se te manti. Tou sa yo t'ap di a, se te pawòl nan bouch.
Cross References
Exodus 15:13Paske ou gen bon kè, ou mennen pèp ou delivre a, avèk fòs ponyèt ou, ou mennen yo nan peyi ki apa pou ou a.
Deuteronomy 9:26mwen te lapriyè Seyè a pou nou, mwen di l' konsa: O Seyè, Bondye mwen, tanpri! Pa detwi pèp ou a, pèp ki rele ou pa ou la, pèp ou te delivre ak pouvwa ou la, pèp ou te fè soti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou a.
Deuteronomy 32:4Se Seyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè ankenn lenjistis.
Deuteronomy 32:30Kouman ou ta vle pou yon sèl grenn lènmi fè mil ladan yo kouri, pou de grenn lènmi fè dimil ladan yo kraze rak? Se sèlman paske Seyè a lage yo, paske moun ki te konn pwoteje yo a vire do ba yo.
Psalms 78:7Konsa yo menm tou, y'a mete konfyans yo nan Bondye. Yo p'ap bliye sa li te fè. Y'a toujou obeyi kòmandman li yo.
Psalms 78:42Yo bliye jan li gen pouvwa. Yo bliye lè li te sove yo anba lènmi yo,