Psalms 78:37
Yo pa t' sensè avè li, yo pa t' kenbe kontra li te pase ak yo.
Bib La
In The King James Version
For their heart was not right with him, neither were they stedfast in his covenant.
In Context
36Men, tout bèl pawòl sa yo, se te manti. Tou sa yo t'ap di a, se te pawòl nan bouch.
Cross References
1 Kings 19:10Eli reponn: -Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la, li kraze lotèl ou yo, li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m'.
Psalms 51:10(051:12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm.
Psalms 119:80Se pou m' fè tou sa ou vle m' fè, san manke yonn, pou m' pa janm wont.
Ezekiel 16:30Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: Se pa ti move mwen pa t' move sou ou! Ou fè tou sa tankou yon jennès je kale.
Hosea 7:16Yo vire do ban mwen pou y' al dèyè lòt bondye. Yo tankou yon banza ki pa ka sèvi ankò. Chèf yo ap pale ak twòp awogans. Se poutèt sa, yo pral mouri nan lagè. Lè sa a, moun peyi Lejip yo pral pase yo nan kont rizib yo.
Acts 8:21Nan travay sa a, pa gen anyen pou ou; ou pa gen dwa ladan l' paske kè ou pa dwat devan Bondye.