Psalms 78:4
Nou p'ap kache bagay sa yo pou pitit nou yo pa konnen yo. N'ap fè lwanj Seyè a devan timoun k'ap vini yo. N'ap fè yo konnen jan l' gen pouvwa, jan l' gen fòs, jan li fè gwo mèvèy.
Bib La
In The King James Version
In Context
3bagay nou te tande nan zòrèy nou, bagay nou tout te konnen, bagay zansèt nou yo te konn rakonte nou.
Cross References
Exodus 13:8Jou sa a, men sa n'a di pitit gason nou yo: Nou fè tou sa pou Seyè a, lè nou chonje tou sa li te fè pou nou lè nou soti kite Lejip la.
Deuteronomy 4:9Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.
Deuteronomy 11:19N'a moutre yo bay timoun nou yo, n'a repete yo nan zòrèy yo, nou te mèt lakay nou, nou te mèt ap mache granchemen, nou te mèt kouche nan kabann nou, nou te mèt kanpe ap travay.
Joshua 4:21Lè l' fini, li di moun pèp Izrayèl yo konsa: -Denmen, lè pitit nou yo va mande papa yo poukisa wòch sa yo la a,
Psalms 9:14(09:15) pou m' ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m' di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m'.
Psalms 26:7pou m' fè tout moun tande jan m'ap di ou mèsi, pou m' rakonte tout bèl bagay ou yo.