Psalms 78:50
Li kite kòlè l' pase sou yo, li pa t' sove lavi yo yonn. Li lage yon epidemi ki t'ap fini ak yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
51Li touye tout premye pitit gason ki nan peyi Lejip la, tout premye pitit gason nan laras Kam lan.
Cross References
Exodus 9:6Nan denmen vre, Seyè a fè sa l' te di li t'ap fè a: tout bèt moun peyi Lejip yo mouri. Men, pa yonn nan bèt moun Izrayèl yo pa t' mouri.
Ezekiel 5:11Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè, Sèl Mèt la, k'ap pale: Paske nou derespekte tanp mwen an ak tout vye bagay degoutan ansanm ak bann bagay mwen pa vle wè menm nou te fè ladan l' yo, mwen fè sèman, mwen menm tou m'ap san pitye pou nou. M'ap voye nou jete, mwen p'ap kite nou yonn chape.
Ezekiel 7:9Mwen p'ap gen pitye pou nou, mwen p'ap fè pa nou. Mwen pral fè nou peye pou tou sa nou fè. Mwen pral regle nou pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm Seyè a k'ap pini nou.
Ezekiel 9:10Enben, mwen p'ap gen pitye pou yo, mwen p'ap fè pa yo. M'ap fè yo peye pou sa yo fè.
2 Peter 2:4Bondye pa t' fè pa zanj ki te fè peche yo. Li te voye yo jete nan lanfè, li lage yo nan gwo twou kote ki fènwa anpil la, l'ap kenbe yo la pou yo tann jou jijman an.