Psalms 78:51
Li touye tout premye pitit gason ki nan peyi Lejip la, tout premye pitit gason nan laras Kam lan.
Bib La
In The King James Version
And smote all the firstborn in Egypt; the chief of their strength in the tabernacles of Ham:
In Context
50Li kite kòlè l' pase sou yo, li pa t' sove lavi yo yonn. Li lage yon epidemi ki t'ap fini ak yo.
52Lèfini, tankou yon bann mouton, li mennen pèp li ale, li kondi yo nan mitan dezè a.
Cross References
Genesis 10:6Men pitit gason Kam yo. Se te Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran.
Exodus 12:12Jou lannwit sa a, m'ap pase nan tout peyi Lejip la, m'ap touye tout premye pitit gason ak tout premye pitit bèt yo ki nan peyi a. M'ap regle tout bondye peyi Lejip yo. Se mwen menm ki Seyè a.
Exodus 13:15Seyè a te touye depi premye pitit gason moun peyi Lejip yo rive jouk premye mal bèt yo fè, paske farawon an t'ap fè tèt di, li pa t' vle kite nou ale. Se poutèt sa nou ofri bay Seyè a tout premye mal bèt nou yo fe, epi nou ofri lòt bagay pou achte lavi tout premye pitit gason nou yo nan men l'.
Psalms 105:27Avèk pouvwa li, yo te fè mèvèy nan peyi pitit Kam yo. Yo te fè anpil mirak nan peyi Lejip.
Psalms 106:22mirak li te fè nan peyi Kam lan, mèvèy li tè fè bò Lanmè Wouj la.
Psalms 136:10Se li menm ki te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!