Psalms 78:57
Yo pa kenbe pawòl yo. Yo vire do ba li tankou zansèt yo te fè. Yo pati sou move pye, yo mal derape.
Bib La
In The King James Version
In Context
58Yo fè l' fache paske yo bati tanp pou lòt bondye yo, yo pòte l' fè jalouzi poutèt vye zidòl yo.
Cross References
Judges 3:5Se konsa pèp Izrayèl la twouve l' rete ap viv nan mitan moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
Psalms 78:8Konsa yo p'ap tankou zansèt yo ki te fè tèt ak Bondye, ki te derefize fè sa li te mande yo fè, ki pa t' janm gen yon konfyans fèm nan Bondye, ki pa t' kenbe pawòl yo ak Bondye.
Psalms 78:41Se tout tan yo t'ap tante Seyè a! Se tout tan yo t'ap pwovoke Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa!
Ezekiel 20:27Koulye a, nonm o, pale ak moun pèp Izrayèl yo! Di yo: Men mesaj Seyè ki sèl Mèt la voye ba yo. La ankò zansèt nou yo te manke m' dega, yo pa t' kenbe pawòl yo ak mwen.