Psalms 78:6
pou timoun ki fenk fèt yo ka konnen l', pou yo menm tou, lè yo grandi, yo ka fè pitit pa yo konnen l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 10:2Konsa tou, n'a rakonte pitit nou yo ak pitit pitit nou yo sa mwen te fè moun peyi Lejip yo pase ak kalite mèvèy mwen te fè nan mitan yo. Lè sa a nou tout n'a konnen se mwen menm menm ki Seyè a.
Joshua 22:24Pou di vre, nou te fè l' paske nou te pè pou denmen pitit pitit nou menm moun pèp Izrayèl bò lòt bò a pa di pitit pitit pa nou yo bò isit la: Nou pa gen anyen pou nou wè ak Seyè a.
Psalms 22:31(022:32) Pitit yo menm, lè y'a fè pitit, y'a fè konnen jan Seyè a te delivre yo ansanm ak tou sa li te fè pou yo.
Psalms 71:18Koulye a mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m'. Kanpe la avè m' pou m' ka fè moun k'ap viv koulye a konnen jan ou gen fòs, pou m' ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan,
Psalms 102:18(0102:19) Se pou yo ekri sa pou timoun k'ap vini yo ka konnen l', pou timoun ki poko fèt yo ka fè lwanj li.
Joel 1:3N'a rakonte pitit nou yo sa. Yo menm, y'a rakonte pitit pa yo sa. Lèfini, pitit yo menm va rakonte l' bay moun k'ap vin apre yo.