Psalms 78:61
Li kite lènmi yo pran Bwat Kontra a, ki te garanti pouvwa li ak fòs li nan mitan yo, li kite yo pote l' ale.
Bib La
In The King James Version
And delivered his strength into captivity, and his glory into the enemy’s hand.
In Context
60Li kite kay li te genyen Silo a, kote li t'ap viv pami moun sou latè a.
62Li te fache nèt sou pèp li a, li kite lènmi touye yo nan lagè.
Cross References
Exodus 40:34Nwaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Seyè a plen tant lan.
1 Samuel 4:17Mesaje a reponn, li di l' konsa: -Moun Izrayèl yo kouri pou moun Filisti yo ki touye anpil moun nan pèp la. De pitit gason ou yo, Ofni ak Fineas, mouri. Moun Filisti yo sezi Bwat Kontra Bondye a.
1 Samuel 6:1Bwat Kontra Seyè a te gen tan pase sèt mwa nan peyi Filisti a.
Psalms 24:7Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre!
Psalms 132:8Leve non, Seyè, vin kote pou ou pran repo a. Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè nou wè jan ou gen pouvwa.