Psalms 78:69
Se la li bati tanp li a ki pòtre ak kay li nan syèl la. Li fè l' solid tankou latè, pou tout tan.
Bib La
In The King James Version
And he built his sanctuary like high palaces, like the earth which he hath established for ever.
In Context
68Li chwazi branch fanmi Jida a pito, ansanm ak mòn Siyon li renmen anpil lan.
70Li te chwazi David, yon moun ki t'ap sèvi l'. Li wete l' dèyè mouton li t'ap okipe yo,
Cross References
1 Samuel 2:8Li wete pòv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo soti nan mizè yo. Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo. Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete. Fondasyon latè, se nan men Seyè a sa ye. Se sou yo li bati tou sa ki la.
1 Kings 9:8Tanp sa a va tounen yon vye mazi. Tout moun ki va pase bò la va sezi, y'a met men nan bouch. y'a mande poukisa Seyè a fè peyi a ak tanp lan sa.
1 Chronicles 29:19Tanpri, bay Salomon, pitit gason m' lan, bon santiman tou pou li renmen ou nèt ale, pou li ka mache dapre lòd, regleman ak kòmandman ou yo nan tou sa l'ap fè, pou l' ka bati Tanp lan avèk tout materio mwen fin pare yo.
2 Chronicles 3:4Gwo pyès ki te devan Tanp lan te gen trant pye lajè menm jan ak Tanp lan, ak sankatreven (0180) pye wotè. Salomon te fè kouvri tout miray anndan pyès la ak bon lò.
Psalms 87:1Se yon sòm pitit Kore yo. Se yon chante li ye. Bondye bati lavil li a sou mòn ki apa pou li a!
Psalms 104:5Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l'.