Psalms 78:7
Konsa yo menm tou, y'a mete konfyans yo nan Bondye. Yo p'ap bliye sa li te fè. Y'a toujou obeyi kòmandman li yo.
Bib La
In The King James Version
That they might set their hope in God, and not forget the works of God, but keep his commandments:
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:9Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.
Deuteronomy 6:12fè atansyon pou nou pa bliye Seyè a, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te esklav la.
Deuteronomy 6:25Si nou vle fè Bondye plezi, se pou nou fè atansyon pou nou swiv tout kòmandman sa yo nèt, se pou nou mache devan Seyè a, Bondye nou an, jan li te mande nou an.
Deuteronomy 8:2Chonje tout chemen Seyè a, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l' te ka kraze lògèy nou, pou l' te ka sonde nou, pou l' te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te soti pou kenbe kòmandman l' yo.
Esther 9:27jwif yo make dat sa a pou yo toujou fè fèt jou sa yo. Yo pran angajman pou yo, pou pitit yo ak pitit pitit yo, ak pou tout moun ki ta vle fè yo jwif, pou chak lanne lè de jou sa yo rive pou yo toujou fè fèt jan Madoche te ekri l' la.
Psalms 62:5(062:6) Wi, se sou Bondye ase pou m' konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen.