Psalms 78:72
David pran swen yo ak tout kè li. Li kondi yo avèk anpil ladrès.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 3:6Salomon reponn: -Ou te toujou fè wè jan ou te renmen papa m', David, sèvitè ou la, anpil. Li menm, li te mache dwat devan ou, li pa t' janm vire do ba ou, li te sèvi ou ak tout kè li. Ou pa t' janm sispann fè l' wè jan ou te renmen li. Ou ba li yon pitit gason k'ap gouvènen nan plas li jòdi a.
1 Kings 9:4Si ou mache devan m' tankou David, papa ou, ak tout kè ou jan ou dwe fè l' la, si ou fè tout sa mwen mande ou fè, si ou koute lòd ak bon prensip mwen yo, m'a fè gouvènman ou lan kanpe fèm nan peyi Izrayèl la pou tout tan,
Psalms 75:2(075:3) Bondye di: -Mwen fikse yon dat pou jijman an. Lè sa a, m'a jije jan sa dwe fèt.
Isaiah 11:2Lespri Bondye a pral desann sou li. L'ap ba li bon konprann ak lespri. L'ap ba li konesans ak ladrès pou l' dirije. L'ap fè l' konn Seyè a, l'ap fè l' gen krentif pou li.
Zechariah 11:15Apre sa, Seyè a di m': -Pran pòz gadò ou ankò. Men, fwa sa a, yon gadò ki pa vo anyen.
Acts 13:36Men, apre David te fin sèvi plan Bondye nan mitan moun ki t'ap viv menm lè avè l' yo, li mouri. Yo antere l' menm kote ak zansèt li yo, epi li pouri anba tè.