Psalms 78:9
Pitit Efrayim yo se moun ki konn goumen, ki fò nan tire flèch. Men, yo kouri lè batay mare.
Bib La
In The King James Version
The children of Ephraim, being armed, and carrying bows, turned back in the day of battle.
In Context
10Yo pa t' kenbe kontra Bondye te pase ak yo a. Yo derefize fè sa li te mande yo fè.
Cross References
Deuteronomy 1:41Lè sa a nou reponn mwen: Nou rekonèt nou peche kont Seyè a. Nou prale, epi n'a goumen jan Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd la. Epi nou leve nou pran zam nou. Nou te kwè sa tapral fasil pou nou pran mòn yo.
Judges 9:28Gaal, pitit gason Ebèd la, di yo: -Kisa Abimelèk ye menm pou n'ap sèvi l' konsa? Ki kalite moun ki gen nan lavil Sichèm la menm pou y'ap sèvi Abimelèk? Ki moun li ye? An! Pitit gason Jewoubaal la! Epi se nan men l' Zeboul ap resevwa lòd? Poukisa pou n' sèvi l'? Non! Se pou moun Sichèm yo respekte Amò, zansèt yo, se moun fanmi li pou yo sèvi.
Judges 20:39moun Izrayèl yo vire fè fas kare ak moun Benjamen yo. Lè sa a, moun Benjamen yo te gen tan touye trant moun konsa nan mitan yo. Yonn t'ap di lòt konsa: -Wi, nou bat yo fwa sa a tankou anvan an.
1 Samuel 31:1Moun Filisti yo leve yon sèl batay ak moun pèp Izrayèl yo sou mòn Gilboa. Anpil nan moun pèp Izrayèl yo te mouri, rès yo te kouri met deyò.
Psalms 78:57Yo pa kenbe pawòl yo. Yo vire do ba li tankou zansèt yo te fè. Yo pati sou move pye, yo mal derape.