Psalms 79:4
Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz. Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.
Bib La
In The King James Version
We are become a reproach to our neighbours, a scorn and derision to them that are round about us.
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:37Nan tout peyi kote Seyè a pral gaye nou yo, moun pral sezi wè sa ki rive nou, y'a pase nou anba kont betiz, y'a fè chante sou nou.
Nehemiah 1:3Yo reponn mwen: Moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki rete laba nan peyi nou an anba gwo pwoblèm. Yo pa konn sa pou yo fè tèlman yo wont. Kanta miray lavil Jerizalèm yo, yo te fin kraze. Gwo pòtay yo menm te menm jan an toujou depi dife te fin boule yo a.
Nehemiah 4:1Lè Sanbala vin konnen nou menm jwif yo nou t'ap rebati miray ranpa a, li fache, li move.
Psalms 44:14(044:15) Ou fè tout lòt nasyon yo ap bay istwa sou nou. Kou yo wè nou, y'ap fè siy sou nou.
Psalms 89:41(089:42) Tout moun k'ap pase nan lari ap piye kay li, tout vwazinaj li yo ap pase l' nan rizib.
Jeremiah 24:9Mwen pral mennen yon sèl malè sou yo. Tout lòt nasyon ki sou latè a pral tranble lè y'a wè sa. Moun pral pase yo nan betiz, yo pral rakonte istwa sou yo. Yo pral mete yo nan chante. Y'ap pran non yo pou sèvi jouman, pou bay madichon nan tout peyi kote mwen pral gaye yo.