Psalms 79:6
Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Paske, se yo menm ki fin touye pitit Jakòb yo, yo fin ravaje peyi kote yo rete a.
Cross References
Psalms 14:4Seyè a di: Moun sa yo k'ap fè mechanste yo, se konnen yo pa konnen? Y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen!
Psalms 69:24(069:25) Mete ou an kòlè sou yo! Fè yo santi jan ou fache sou yo!
Isaiah 13:1Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòz la, sou lavil Babilòn:
Isaiah 23:1Men yon mesaj pou lavil Tir: -Nou menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou! Lavil Tasis fini. Pa gen kay ankò, pa gen pò! Yo t'ap tounen soti peyi Kitim lè yo pran nouvèl la.
Isaiah 45:4Mwen te rele ou pou ou te ka delivre fanmi Jakòb yo, sèvitè m' yo, moun pèp Izrayèl mwen te chwazi a. Mwen ba ou grad atout ou pa t' konnen m' lan.
Jeremiah 25:29Premye kote m'ap konmanse fè malè, se va lavil yo mete apa pou mwen an. Atò, se nou menm ki pou pa ta resevwa pinisyon nou? Non, nou p'ap chape, paske mwen pral voye lagè sou tout moun sou latè. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.