Psalms 79:9
O Bondye, ou menm ki delivrans nou, fè konnen se ou ki gen pouvwa! vin pote nou sekou. Delivre nou, padonnen peche nou yo pou moun ka fè lwanj ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 7:9Moun Kanaran yo ak tout lòt moun ki rete nan peyi a pral konn sa. Yo pral leve dèyè nou. Yo pral touye nou nèt nan peyi a. Kisa ou pral fè lè sa a pou yo pa avili non ou?
Psalms 25:11Seyè, poutèt non ou pote a, padonnen peche m' yo, paske yo anpil.
Psalms 65:3(065:4) pou rekonèt peche yo. Peche nou yo twòp pou nou. Men, w'ap efase yo.
Isaiah 43:25Se mwen menm ankò k'ap efase tou sa nou fè ki mal. Se paske se mwen kifè m'ap fè l'. Mwen p'ap kenbe nou nan kè poutèt peche nou yo.
Jeremiah 14:7Pèp la ap rele nan pye Bondye, y'ap di: -Menm si sa nou fè a kont pou kondannen nou, ou menm, Seyè, fè kichòy pou sa ka sèvi yon lwanj pou ou non! Paske se pa ni de ni twa fwa nou vire do ba ou nan fè peche kont ou.
Ezekiel 20:9Men, mwen pa t' fè l' pou sa pa t' bay pèp peyi kote yo t'ap viv la okazyon pou yo trennen non mwen nan labou, paske se devan tout pèp sa yo mwen te fè moun Izrayèl yo konnen mwen t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la.