Psalms 80:1
(080:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. (080:2) Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 33:2Li di: -Seyè a soti mòn Sinayi, li leve tankou solèy lòt bò peyi Seyi. L'ap klere depi sou tèt mòn Paran an. Li rive jouk Meriba nan peyi Kadès. Sou bò dwat li yon flanm dife.
2 Samuel 6:2Li leve, li pati pou Balat nan peyi Jida ansanm ak tout sòlda ki te avè l' yo. Li tapral chache Bwat Kontra Bondye a, bwat ki pote non Seyè ki gen tout pouvwa a, Seyè ki gen fotèy li anwo zanj cheriben yo.
Job 10:3Eske ou gen rezon pou ou fè m' tou sa w'ap fè m' lan, pou ou meprize sa ou fè ak men ou, pou ou ri lè mechan yo ap fè konfyolo yo?
Psalms 23:1Se yon sòm David. Seyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.
Psalms 50:1Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.
Psalms 55:1(055:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman mizik akòd pou yo jwe mizik la. Se yon chante David. (055:2) Bondye, panche zòrèy ou bò kote m'! Koute m' non lè m'ap lapriyè! Piga ou vire do ban mwen lè m'ap rele nan pye ou!