Psalms 80:19
(080:20) Bondye ki gen tout pouvwa a, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre!
Bib La
In The King James Version
Turn us again, O LORD God of hosts, cause thy face to shine; and we shall be saved.
In Context
18(080:19) Nou p'ap janm vire do ba ou ankò! Ban nou lavi ankò! N'a fè lwanj ou!
Cross References
Deuteronomy 5:32Veye kò nou pou nou viv jan Seyè a, Bondye nou an, te mande nou viv la. Pa vire ni adwat ni agoch.
Psalms 27:4Mwen mande Seyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m' ta pase tout lavi m' nan kay Seyè a, pou m' ka gade bèl bagay li yo byen, pou m' ka pran tan m' pou m' kalkile nan kay ki apa pou li a.
Psalms 31:16(031:17) Se sèvi m'ap sèvi ou, tanpri, fè m' santi ou la avèk mwen. Delivre m', paske ou renmen m'.
Psalms 80:1(080:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. (080:2) Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la.
Psalms 80:7(080:8) Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankò. Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.
Jeremiah 32:40M'ap pase yon kontra ak yo ki p'ap janm kase. M'ap pran angajman mwen p'ap janm lage yo. Mwen p'ap janm sispann fè yo byen. Wi, m'a fè yo gen krentif pou mwen ak tout kè yo. Konsa, yo p'ap janm vire do ban mwen ankò.