Psalms 80:8
(080:9) Ou rache yon pye rezen nan peyi Lejip, ou mete anpil nasyon deyò, ou plante l' nan plas yo.
Bib La
In The King James Version
Thou hast brought a vine out of Egypt: thou hast cast out the heathen, and planted it.
In Context
Cross References
Joshua 13:6Tout moun ki rete nan mòn yo, depi peyi Liban jouk lavil Misrefòt Mayim, tout moun Sidon yo, se mwen menm ki pral mete yo deyò pou fè plas pou pèp Izrayèl la. Men, se ou menm ki pral separe tè a bay chak moun pèp Izrayèl yo pòsyon pa yo, jan mwen te ba ou lòd la.
Psalms 44:2(044:3) Yo di nou se avèk fòs kouraj ou ou te chase moun lòt nasyon yo, pou ou te kapab tabli yo nan peyi a. Yo di nou jan ou te maltrete anpil lòt nasyon pou ou te ka fè plas pou zansèt nou yo.
Psalms 78:55Li mete lòt nasyon yo deyò pou bay pèp li a plas. Li separe tè a, li bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo. Li kite yo moute kay yo kote lènmi yo te rete.
Isaiah 27:2Jou sa a, y'a chante yon chante sou jaden rezen k'ap bay bon diven an.
Jeremiah 12:10Yon bann chèf lòt nasyon ap sakaje jaden rezen mwen an. Yo kraze jaden m' lan anba pye yo. Yo fè bèl peyi mwen an tounen yon dezè kote moun pa rete.
Ezekiel 15:6Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la di: Menm jan yo pran yon bwa pye rezen nan mitan yon rakbwa, yo jete l' nan dife pou boule l', se sa menm mwen pral fè ak moun lavil Jerizalèm yo.