Psalms 81:11
(081:12) Men, pèp mwen an pa koute m'. Pèp Izrayèl la pa obeyi m'.
Bib La
In The King James Version
But my people would not hearken to my voice; and Israel would none of me.
In Context
Cross References
Exodus 16:6Moyiz ak Arawon di tout moun pèp Izrayèl yo: -Aswè a n'a konnen se Seyè a ki te fè nou pati kite peyi Lejip.
Exodus 32:1Lè pèp la wè Moyiz te rete lontan sou mòn lan san li pa desann, yo sanble bò kote Arawon, yo di l' konsa: -Ann debouye nou fè lòt bondye ki pou mache devan nou, paske nonm yo rele Moyiz la ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa ki rive l'.
Deuteronomy 32:15Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.
2 Kings 4:3Lè sa a Elize di li: —Ale nan vwazenaj. Mande prete valè ja vid ou ka jwenn.
Proverbs 1:30Nou pa t' janm vle koute konsèy m' t'ap ban nou, nou te toujou derefize koute m' lè m' t'ap korije nou.
Jeremiah 7:23Sèl bagay mwen te mande yo, se pou yo te koute m' lè m'ap pale ak yo. Konsa m'a toujou Bondye yo. Yo menm y'a pèp mwen. Mwen te di pou yo te swiv chemen mwen t'ap mete devan yo, pou tout bagay te ka mache byen pou yo.