Psalms 82:2
Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo?
Bib La
In The King James Version
How long will ye judge unjustly, and accept the persons of the wicked? Selah.
In Context
3Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo!
Cross References
Exodus 10:3Se konsa Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l': -Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kilè w'a aprann soumèt tèt ou devan mwen? Kite pèp mwen an ale pou l' ka fè yon sèvis pou mwen.
Leviticus 19:15Piga nou fè lenjistis lè nou nan tribinal. Piga nou fè patipri pou pòv. Piga nou achte figi grannèg. N'a rann jistis pou tout frè parèy nou san fè paspouki.
1 Kings 18:21Eli al kanpe devan pèp la, li di yo: -Kilè n'a sispann woule de bò! Si se Seyè a ki Bondye, se li pou n' sèvi. Si se Baal ki Bondye, se li pou n' sèvi! Men pèp la pa di yon mo.
Job 32:21Mwen p'ap pran defans pyès moun. Mwen pa pral achte figi nou yonn la a.
Psalms 58:1(058:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David. (058:2) Nou menm ki reprezante Bondye, èske nou rann jistis la tout bon vre? Nou menm lèzòm, èske nou jije san patipri?
Proverbs 18:5Sa pa bon pou ou pran pou moun mechan, ni pou ou enpoze yo rann moun inonsan jistis.