Psalms 84:3
(084:4) Menm ti zwezo jwenn kote pou yo rete, menm iwondèl jwenn nich pou mete pitit yo: Se toupre lotèl ou yo, Seyè ki gen tout pouvwa, ou menm ki Bondye mwen, ou menm ki wa mwen!
Bib La
In The King James Version
In Context
4(084:5) Ala bon sa bon pou moun k'ap viv lakay ou yo! Yo toujou ap fè lwanj ou.
Cross References
Psalms 5:2(05:3) Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Pran ka m', Seyè, lè m'ap rele ou! Se ou menm m'ap lapriyè, Seyè.
Psalms 43:4Lè sa a, m'a tounen vin bò lotèl Bondye a, Bondye ki fè kè m' kontan an, Bondye k'ap fè m' fè fèt la. M'a jwe enstriman mizik pou Bondye, pou Bondye pa m' lan.
Psalms 91:1Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
Ezekiel 24:21pou m' di moun pèp Izrayèl yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye pou yo: Nou kontan gwo kay solid nou mete apa pou mwen an. Nou renmen l' tankou de grenn je nan tèt nou, nou fèb anpil pou li. Enben, mwen pral fè yo derespekte kay mwen an. Pitit gason ak pitit fi nou te kite lavil Jerizalèm yo pral mouri nan lagè.
Matthew 23:37Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm ki touye pwofèt yo, ou menm k'ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou manman poul k'ap sanble pitit li anba zèl li, men ou pa t' vle!