Psalms 85:1
(085:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (085:2) Seyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit Jakòb ki te prizonye yo tounen!
Bib La
In The King James Version
LORD, thou hast been favourable unto thy land: thou hast brought back the captivity of Jacob.
In Context
2(085:3) Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo.
Cross References
Ezra 1:11Antou, sa te fè senkmilkatsan (05.400) divès kalite bagay an lò ak an ajan. Se tout bagay sa yo Chechbaza te pran ak li lè li t'ap kite lavil Babilòn ansanm ak lòt moun yo te depòte yo, pou tounen lavil Jerizalèm.
Psalms 42:1(042:1) Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. (042:2) Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye.
Psalms 126:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè Seyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo, se tankou si nou te nan rèv: Nou pa t' vle kwè se te vre!
Jeremiah 31:23Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Lè m'a fè pèp mwen an tounen lakay li, men sa yo pral mache di ankò nan tout peyi Jida ak nan tout lavil li yo: Se pou Seyè a beni mòn ki apa pou li a, mòn kote Bondye k'ap delivre a rete a.
Joel 2:18Lè sa a, Seyè a fè wè jan li renmen peyi li a. Li fè pèp li a gras.
Zechariah 1:16Se poutèt sa, men sa Seyè a di: M'ap tounen vin jwenn lavil Jerizalèm ankò, m'ap gen pitye pou li. Yo pral rebati tanp mwen an nan lavil la. Jerizalèm pral kanpe ankò. Se mwen men, Seyè a, ki di sa: