Psalms 85:6
(085:7) Eske ou p'ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou?
Bib La
In The King James Version
Wilt thou not revive us again: that thy people may rejoice in thee?
In Context
5(085:6) Eske w'ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p'ap janm byen ak nou ankò?
7(085:8) Seyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non!
Cross References
Ezra 9:8Men koulye a, depi kèk jou, Seyè a, Bondye nou an, te fè nou yon favè. Li sove de twa nan nou, li ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan kay ki apa pou li a. Se konsa li ban nou kouraj ankò, li wete nou nan kalite esklavaj kote nou te ye a, li ban nou yon ti souf.
Psalms 71:20Ou voye traka ak soufrans ban nou. Men se ou k'ap ban nou lavi ankò. W'ap rale nou soti nan bouch twou a.
Psalms 77:8(077:9) Eske Bondye pa gen bon kè ankò? Eske li p'ap kenbe pawòl li ankò?
Psalms 90:14Chak maten, voye benediksyon ou sou nou! Konsa, n'a chante, n'a toujou gen kè kontan.
Psalms 149:2Se pou pèp Izrayèl la fè kè l' kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo.
Jeremiah 3:5Nou konnen mwen p'ap ret fache pou tout tan, mwen p'ap kenbe nou nan kè m'. Pèp Izrayèl, se sa nou te toujou di. Epi apre sa, nou lage kò nou pi rèd nan fè sa ki mal.