Psalms 85:9
(085:10) Wi, li pare pou l' delivre moun ki gen krentif pou li, pou l' fè yo santi pouvwa li, pou l' toujou la avèk yo.
Bib La
In The King James Version
Surely his salvation is nigh them that fear him; that glory may dwell in our land.
In Context
Cross References
1 Samuel 3:9Li di Samyèl konsa: -Al kouche tande! Si ou tande yo rele ou ankò, w'a reponn: Pale non, Seyè! Sèvitè ou la ap koute ou! Samyèl ale, li kouche nan kabann li.
Psalms 50:23Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.
Isaiah 4:5Lajounen, Seyè a va voye yon gwo nwaj vin poze sou tout mòn Siyon an ak sou tout moun ki sanble la a. Lannwit, se va lafimen ak yon gwo flanm dife la voye. Pouvwa Bondye a pral kouvri yo, l'ap pwoteje tout lavil la.
Jeremiah 23:35Okontrè, chak moun gen pou mande zanmi yo ak fanmi yo kisa Seyè a reponn, kisa li di ki pral rive.
Jeremiah 29:11Se mwen ki konnen sa m' gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. Mwen ta vle denmen nou jwenn sa n'ap tann lan.
Ezekiel 26:20M'ap fè nou desann nan peyi kote mò yo ye a, m'ap voye nou al jwenn moun ki mouri depi lontan yo. M'ap fè nou al rete nan peyi ki anba tè a, kote nou pral rete pou kont nou, pou tout tan ansanm ak moun ki mouri deja yo. Konsa, nou p'ap gen plas nou ankò sou latè pami vivan yo.