Psalms 86:16
Voye je ou sou mwen. Gen pitye pou mwen! Ban m' fòs ankò, delivre m', paske mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 28:7Seyè a ap pwoteje m', l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m', kè m' kontan. M'ap chante pou m' fè lwanj li.
Psalms 69:16(069:17) Reponn mwen, Seyè, paske ou p'ap janm sispann renmen m'. Voye je ou gade mwen, paske ou gen kè sansib.
Psalms 90:13Seyè, kilè w'a tounen? Gen pitye pou sèvitè ou yo.
Psalms 119:94Se moun ou mwen ye. Sove m' non! M'ap toujou swiv lòd ou yo.
Psalms 138:3Lè m' te rele ou, ou te reponn mwen, ou te ban m' plis kouraj.
Isaiah 45:24Y'a di: Se nan Seyè a sèl nou jwenn jistis ak fòs kouraj! Tout moun ki t'ap kenbe tèt avè l' yo pral wont, y'ap vin nan pye l'.